FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl vi e gen pi bon rezilta nan
domèn ou. Sèl bagay ki ka few reyalize rèv sa oubyen anpeche w, se abitid ou. Abitid
se sa ou fè, jan ou konpòtew oubyen panse chak jou. Abitid ou defini bonè w ak malè
w, li gen gwo pwa lou sou avni w. Abitid ou se ou menm menm.

Malerezman ou paka efase move abitid ou yo, men ou ka ranplase yo grenn pa grenn pa yon bon abitid.  Pèdi tan, distraksyon, parès oubyen renmen bagay fasil, se pi gro ènmi ki ka anpeche w fè sa.

Annou konprann anvan koman yon abitid boujonnen oswa grandi. Tout abitid
kòmanse ak yon

1.Estimilasyon: sa ki ba w anvi pou w kòmanse
fe yon bagay. Li kapab fizik, mantal oswa emosyonèl.  

2.konpòtman: se reyaksyon ou genyen ak estimiliasyon sa, se
li kap tounen woutin nan.

3.Rekonpans: jan ou vin santi w aprè konpòtman oubyen woutin
sa. Pa egzanp: ou leve granmaten ou santi dan w ak bouch ou lou (estimilasyon),
ou deside bwose dan w (konpòtman), aprè ou santi dan w lejè, pwòp epi fre
(rekonpans). Egzanp sa ka aplike pou nenpot lòt abtitid ke li bon oubyen pa bon.
Daprè kèk etid pou w gen yon nouvo abitid sa pran twa(3)  mwa apeprè, apati de nèf(9) mwa yon abitid
tounen otomatik, sa vle di, ou fèl san fòse, san w pa menm rann ou kont.  Plis pase 40% nan
abitid nou yo otomatik.

Derasinen yo move abitid se pa bagay ki fasil pyès, sa mande anpil fòs, volonte ak pasyans. Ou dwe byen idantifye move  abitid yo epi  deside bon abitid pou ranplase yo. Egzanp. move abitid: Pèdi tan sou rezo sosyo, bon abitid: Lekti oubyen etidye.  Eseye youn pa youn paske si w vle chanje tout yon sèl kou gen 99%  chans pou w echwe, sa se rezon ki lakoz nou pa janm reyisi ak rezolisyon nou konn fè pou nouvèl ane yo. Map raple w  kew ka pran desizyon pou w chanje abitid ou yo nenpòt moman nan ane a, sa vle di si w pa reyisi nan kòmansman ane a, ou pa oublije tann lòt ane.

Pou w chanje move
abitid ou yo, ou dwe :

  1. Reyalis:
    gen yon bon plan aksyon, kòmanse
    tikal pa tikal, pa aksepte pyès eskiz, mete afichaj oubyen alam pou w ka raple w
    chak detay epi kontwole koman wap pwogrese.
  2. Gen bon
    kontwòl sou antouraj ou:
    Byen
    chwazi kote ak moun wap frekante, rann lavi w fasil ak bon abitid pandan wap fè
    move abitid yo vin difisil.
  3. Pa
    prese:
    toujou bat pou wè pi
    lwen pase pwent nen w. Lè w pa reyisi rapid oubyen jan w te swetel la, pa janm
    di ou pap kapab, toujou prè pou w reseye. Pa kite w distrè, konsantre w sou saw
    vle a, felisite epi ankouraje tèt ou pou chak pwogrè ou fè.

Abitid se kle pòt siksè w oubyen echèk ou. Se menm jan ak fil zaryen, lè l kòmanse li fen epi fèb men depil fin kole nèt li pi di pase kòd batiman. Dezanbarese w de tout vye kòd move abitid ki nan vi w.  Chanje abitid ou, chanje lavi w, souri ak lavni w.

Dr. 
Jackson Josaphat

The post FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU appeared first on SIKOLOJI AN KREYOL.

Comments

  • No comments yet.
  • Add a comment