Tès Preferans Pwofesyonèl Kuder : Echèl Kuder nan Preferans Vokasyonèl, li sèvi pou chwazi pwofesyon

Gen yon moman nan lavi chak moun gen yon kote yo gen pou deside kisa yo vle dedye yo pwofesyonèlman; pou sa ou dwe premye konnen sa ou renmen. Tès preferans pwofesyonèl Kuder se yon tès ki evalye aspè sa yo.  Yon tès ki ka retire yon moun nan dout pou chwa preferans pwofesyonèl li.

Tès sa a pèmèt gide elèv ak granmoun ki pa konnen ekzakteman ki sektè oswa pwofesyon yo ka pran. Nan atik sa a nou pral konnen 10 echèl ke tès la evalye, epi ki karakteristik ki pi enpòtan ladan.

Tès preferans vokasyonèl Kuder: karakteristik

  1. Frederic Kuder te devlope tès sou preferans pwofesyonèl Kuder la, ki rele tou Kuder Scale of Vocational Preferences. Dr. Frederic Kuder (1903-2000) te yon sikològ, doktè Nan sikoloji li te fèt nan Michigan.

Li te konsantre sou etidye, nan branch sikoloji a, enterè moun genyen, li te arive devlope kat(4) envantè ki te tradui nan lang diferan.

Yon moun ka aplike tès  preferans vokasyonèl Kuder la soti nan 15 ane. Li ka aplike endividyèl oswa kolektif, aplikasyon an ka dire apeprè 1 èdtan (byenke pa gen okenn limit nan tan pou aplike tès sa vrèman).

Nou ka ajoute, tès preferans pwofesyonèl Kuder a se yon tès a kalite mantal, li gen estanda epi objektif.

Kisa li evalye?

Objektif tès preferans pwofesyonèl Kuder la se pou konnen zòn jeneral kote enterè ak preferans endividyèl moun sa lokalize anrapò ak vokasyon pwofesyonèl yo.

Tès la evalye diferan aspè,li gwoupe nan 10 zòn oswa chan preferans, yo se:

  1. Travay ki an rapò ak deyò

Gwo nòt sou echèl sa a endike sijè a gen preferans pou pase tan nan jaden, lanmè, forè yo, elatriye. Li renmen grandi plant, pran swen bèt … Li oryante nou nan yon travay tankou jadinaj, pa egzanp.

Pa egzanp moun ki nan kalite chan sa pa santi yo alèz nan yon faktori, laboratwa oswa biwo.

  1. Enterè mekanik

Gwo nòt yo endike enterè oswa preferans pou travay ak machin ak zouti, pou konstwiksyon oswa fè aranjman pou fè objè mekanik, aparèy elektrik, mèb, elatriye.

  1. Enterè nan kalkil

Chan sa se pou moun ki renmen travay ak nimewo. Enjenyè, matematisyen, elatriye fè pati isit de branch sa.

  1. Enterè syantifik

Gwo nòt ap soti nan chan sa pou moun ki renmen mennen ankèt sou reyalite oswa nenpò lòt bagay, moun ki renmen dekouvri sa ki lakòz sa kap pase ak rezoud pwoblèm nan diferan sijè. Yo gen kiryozite syantifik.Moun sa yo gen rapò ak pwofesyon tankou byoloji, famasi, fizik, chimi, elatriye.

  1. Enterè pèsonèl

Zòn sa se pou reprezantan sijè ki vle fè fas ak moun, enpoze pwen de vi yo, konvenk, vann kèk pwodwi oswa sèvis, elatriye. Moun komèsyal yo pa egzanp.

  1. Enterè atistik

Moun ki gen gou pou travay manyèl, moun ki ka itilize konbinezon koulè, materyèl, fòm ak desen, yo sotiak gwo nòt nan echèl sa. Sa yo se travay ki mande kreyativite.

  1. Enterè literè

Echèl sa a se tipik moun ki santi yo pran plezi nan lekti oswa eksprime lide yo nan pale oswa alekri. Pa egzanp editè yo oswa ekriven yo.

  1. Enterè Mizikal

Moun ki posede yon gou make pou jwe enstriman mizik yo; anjeneral yo renmen danse, chante, li sou mizik, etidye lavi konpozitè ki popilè yo, ale nan konsè, elatriye.

  1. Enterè nan sèvis sosyal

Gwo nòt sou echèl sa endike yon enterè nan sèvi ak akonpaye lòt moun. Li parèt pou moun sa doktè nan lavni oswa sikològ, travayè sosyal, elatriye.

  1. Enterè nan travay biwo

Dènye echèl la nan tès preferans pwofesyonèl Kuder refere a moun ki renmen yon kalite travay biwo, ki egzije egzaktitid ak presizyon.

Kikote nou ka aplike tès sa ?

Zòn yo oswa kontèks kote yo ka aplike tès preferans pwofesyonèl Kuder se nan anviwònman lekòl, pou konnen enterè pwofesyonèl elèv yo, ak chan resous imèn yo (HR), ak menm objektif nou te site anvan, ki se konnen motivasyon aspiran yo nan diferan pozisyon travay ki egziste sou mache a pandan ke yap chwazi a pati de sa yo gen aptitid pou li tout bon vre.

Referans bibliografik

Ediciones TEA. KUDER-C. Registro de Preferencias Vocacionales (a).

https://www.academia.edu/10743853/DR._G._FREDERIC_KUDER_1903-2000

Comments

  • No comments yet.
  • Add a comment