ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay
ki renmen pou w ba yo atansyon, yo pa bezwen ou pran swen yo, yo pa bezwen ou
enkyete w pou yo. Yo jis bezwen ou kite yo yon kote kote yo ka pran lè, epi wap
admire yo san w pa fè gwo efò pou yo..

M fè eksperyans lan avèk yon ti plant yo fè m kado, ti plant piti ke yo rele “sikilan” yo, plant sa yo delika, yo chak gen yon fason pou w pran swen yo, men mwen m te jis ap eksperimante paske m pa twò konn kisa ki tap bon pou li, m chèche sou nèt la pou m wè kòman poum pran swen l men m pa fouti jwenn enfòmasyon sou li ke sa, ki vin fè m di banm eseye.

Mwen te konn mete l deyò chak jou pou l pran ti
solèy, wouze l, apre mwen antre l, m wè ke li gen kèk ti fèy ki tonbe, m vin di
ebyen li do pa renmen solèy, m kitel andedan pou yon tan, kote li pa jwenn solèy,
li gen plis fèy ki tonbe toujou, aprè pil tan eseye antre l soti l, elatriye, fèy
kontinye ap tonbe, ala fen m pa konn kisa poum fè avèl. Li vin rete yon sèl
branch ki gen fèy, m deside kitel andedan nan pyès salon mwen san m pa janm
okipel ankò, m jis kitel pou l fin mouri nèt paske m wè pa gen espwa pou li ankò.
Pase semèn branch fèy la toujou la anyen pa janm rive l, lòt semèn pase li la
pou pi rèd, se lè sa m rann mwen kont pi bon fason pou m te renmen pi pye sikilan
sete kite l yon kote epi ap admirel san m pa fè gwo efò pou li.

M vin tire leson sa, se pa tout bagay ou ka ba yo lanmou ou chak jou, preyokipe w de yo, dolote yo epi ou menm wap ret tann ke yo grandi ak lanmou w, pou yo ba w lanmou yo menm jan w te fè a, tout pa menm jan.

San w pa rann ou kont lanmou w ka ap toufe yo, atansyon w ka fè w pèdi l, paske li pa renmen sa. Gen bagay ki merite pou w kite yo an repo, pou jis kite yo la epi wap gade yo de lwen, konsa yap grandi, yap fleri.  

M relasyone sa ak moun tou, m vin wè ke gen
moun ki konsa tou, yo pa bezwen ou pran swen yo pou yo byen, lanmou yo pa
eksprime konsa, yo bezwen ou ba yo espas epi jis konnen yo se pou ou, yap
toujou la, epi yap grandi avè w. Konsa wap wè lanmou yo fleri pou ou.

Nou jis bezwen aprann konnen moun ki kote nou
yo, anviwonman nou ladan, ak tout lòt bagay nou vle bay lanmou nou avan, pou nou
ka bay lanmou sa san ke nou pa blese tèt nou ak moun ki kote nou yo.

Rhode B. Banatte

The post ATANSYON W AP TOUFE M appeared first on SIKOLOJI AN KREYOL.

Comments

  • No comments yet.
  • Add a comment