Fanm Se Poto Mitan : Fas Kache Doulè Fanm Ayisyèn

Fèt Manman an se yon okazyon espesyal pou selebre fòs, lanmou, ak rezistans fanm toupatou atravè mond lan. Lakay nou an Ayiti, jou sa a kapab gen yon siyifikasyon pi pwofon akoz fanm Aysiyèn yo eksperimante reyalite lavi fanmi nan yon kontèks kiltirèl diferan atravè pwovèb sa ki di: Fanm Se Poto Mitan. Nan mwa Me ki konsidere tankou mwa sansibilzasyon sou sante mantal, li enpòtan pou nou adrese bezwen sante mantal fanm ayisyèn yo, sitou difilikte y ap fè fas antake moun, antanke fanm, epi antanke manman.

Fas Kache Senbòl Rezistans Lakay Fanm Ayisyen

Nan yon desen anime ki soti nan lane 2021 ki rele Encanto, prezante yon pèsonaj ki rele Luisa ki montre li fò deyò men anndan li ranpli ak dout akoz presyon fanmi li mete sou do li pou li toujou pefòman. Touswit prezantasyon pèsonaj sa fè m panse ak fanm Ayisyèn nou konsidere kòm senbòl fòs ak rezistans (Poto mitan). Poto Mitan se yon gwo responsabilite kote tout moun konte sou ou, men w pa konte sou pesonn.  Men èske nou pran tan chache konnen kijan manman nou yo ye, difikilite y ap travèse, eta emosyonèl ak santiman yo. Eske nou konn akòde yon ti tan chita mande swa manman nou, swa manman pitit nou, osinon madanm nou kijan li ye, nivo satisfaksyon li sou lavi li, difikilte li ap fè fas li ta renmen pataje ? Touswit nou kapab fon lide sou santiman solitid souvan k ap travèse manman nou yo pou pa gen moun pou pataje sa yo santi sou baz yo se Poto Mitan lavi nou. Lè tout yon fanmi repoze sou ou, epi ou menm ou pa wè moun ou kapab repoze sou li kapab pwodwi santiman rejè lakay manman sa yo sitou alabaz bezwen mari ak pitit valide sou pwòp bezwen pa yo antanke moun.

Fanm Ayisyèn Fas ak Santiman Kilpabilite

Ann vanse pi lwen nan zafè levasyon timoun ki rete an majorite sou responsabilite fi nan peyi Dayiti. Kidonk siksè yon timoun se bravo pou manman sila, konsa tou echèk timoun nan premye koupab se manman li. Sosyete ayisyèn nan konstwi ak prensip ki la pou pwodwi santiman kilpabilite lakay fanm. Santiman kilpabilite kòm konsekans responsabilite reyisit yon timoun prezan lakay anpil fanm ayisyèn epi poze yon kantite dega sou sante mantal yo. Sitou, depi nan timoun, tifi aprann pou li pran responsabilite frè, papa li, kouzen ak tonton elt.. kouwè yon fomasyon baz pou li vin poto mitan nan fwaye li lè li gran. Eske nou pran tan kesyone, enfòme sou dezi tifi sila yo genyen ? Ki aspirasyon yo ? Ki rèv yo gen ? Tout sa yo souvan pase akote lè tifi sa nan laj majè akoz prensipal fonskyon li fòmate depi li piti se pou li vin poto mitan nan fwaye li. Eske nou panse dezi, rèv, aspirasyon sa yo disparèt ? Non, yo rete toufe anndan fanm sila ki souvan mennen santiman dezespwa, lawont ak kolè pou li wè li pase akote lavi li.

Manman Rijid Osinon Angwas ?

Sa rive anpil nan nou ki ap dekri istwa danfans ak manman nou souvan dekri yon fanm rijid, ki rete djanm sou yon latriye prensip ak kòd moral pou pitit li swiv. Poutan nou pa chache kesyone sous nesesite kontwòl ak rijidite sa manman yo te genyen pou nou. Anpil fwa, rezon manman nou yo avanse se kisa sosyete pral di si yo vag sou kèk bagay. Kidonk rijidite sa pa pou ede pitit yo reyalize tèt yo antanke moun men se pè jijman sosyete pou yo. Pè jijman sosyete a pwodwi yon santiman angwas lakay fanm Ayisyèn ki pouse yo toujou ap chache kontwòl sou pitit yo, mari yo, fwaye yo elt… Angwas ak bezwen kontwòl souvan mache kòt ak kòt. Bezwen kontwòl se yon enkyetid yon laperèz, yon moun gen pou chache kontwole tout sikonstans pou minimize potansyèl menas ki ka rive, sous li chita nan angwas. Sa pèmèt nou konprann angwas yon manman ap fè fas souvan soti nan presyon pèfeskyon sosyete Ayisyèn nan mete sou do fanm Ayisyèn pou li asire reyisit pitit li ak fwaye li.

Pou m fini, Poto Mitan charye yon kantite pwa kiltirèl ki kapab poze dega sou sante emosyonèl fanm Ayisyen nou yo. Soti nan enkapasite pou eksprime jan yo santi yo paske yo se poto mitan pase nan santiman kilpabilite nan kesyon reyisit lavi pitit yo pou fini nan angwas kòm konsekans presyon sosyete Ayisyèn nan mete sou do yo, nou kapab wè anfèt kwak yo se senbòl rezistans men Poto Mitan tou kache yon kantite doulè fanm Ayisyen ap fè fas. Li enpòtan pou nou sonje yon moun ki senbòl rezitans pa vle di li pa gen difikilte pa li l ap konfwonte, e li gen bezwen tou li ta swete eksprime. E konsa nou ta va chache konnen plis sou aspirasyon ak dezi Manman ayisyèn yo pou byennèt yo valorize.

Comments

  • No comments yet.
  • Add a comment