KÒMAN POU W AJI ANFAS DEZOBEYISANS TIMOUN PITI

Timoun ki dezobeyisan yo gen yon tanperaman nou konn di ki fò, yo chèche konfwontman, yo difisil, epi yo vle gen atansyon tout moun. Timoun sa yo konn rive kenbe atitid sa; pafwa akoz paran yo pa mete lòd, ak pèseverans timoun yo.

Ann gade kèk aksyon ke w ka poze antan ke paran:

Eseye rete poze, pa fache epi mete tèt ou an plas. Yo ap teste règleman yo. Yo vle konnen jik ki kote yo ka ale. Si ou pèdi san ou, ou antre nan yon batay ak yo yap vini pote mwens atansyon a ou.

Pran an kont laj la ak etap timoun nan ye a.

Mete limit klè, ki kout ak bon jan règleman. Mete klè sa yo ka fè ak sa yo pa ka fè.
Bay egzanp. Si nou fikse estanda, nou dwe swiv yo tou. Nou dwe konsistan avèk nòm nou mete yo. Timoun yo aprann plis nan egzanp yo wè pase nan sa yo pase yo lòd. Si ou di yo ke yo pa leve vwa yo, pale fò, ou ta dwe evite pale fò tou, si ou pa vle yo manje devan televizyon, ou pa ta dwe fè li tou, ou dwe bay egzanp.

Ranfòse bon konpòtman epi pini move konpòtman. Konpòtman yo rete oswa disparèt selon konsekans yo jwenn. Nenpòt ki konsekans dwe swiv konpòtman ou vle a oswa sa w pa vle a.

Kòm ranfòsman bay lanmou, eksprime sa timoun lan byen fè, rekonpanse l ak atansyon ou.
Kòm pinisyon, itilize tan pou li panse, oubyen retire sa li renmen yo, li dwe konnen lè li mal aji  ya p voye l nan yon kwen pou li panse. Pa menase l, men akonpli sa w di wa p fè a. Pa di: “Mwen pral mete w kanpe nan yon kwen”), pran l epi mete l nan kwe an. Si li kite kwen an (an jeneral yo fè sa), rete poze, pa fache epi pran l mete l ladan ankò, eksplike ke lè li konpòte li byen li ka soti nan kwen an oubyen jwenn jwèt oswa distraksyon li bezwen

Toujou di l sa li te fè byen oswa sa ki mal ak sa li te fè, se konsa  li ka relye sak bon, sak mal, ak konsekans yo.

Avèk pi gran timoun yo, eksplike yo règleman yo. Lè yo fè yon erè, tcheke konsekans aksyon yo (lè yo pa ranmase sa yo kite atè, si yo pa fè devwa yo, elatriye). Ede yo deside epi gen konfyans nan fason ya p aji.

Chwazi fason ou panse ki ap mye pou w afwonte sa, ou ka distrè atansyon yo. Nan plizyè okazyon, timoun nan ka ap reyafime idantite l. Nan lòt mo, dezobeyisans yo vini soti kom yon etap lakay yo.

Yo gen atansyon ou, lè yo aji mal, sonje pou w pa pèdi pasyans, pou w pa ranfòse konpòtman ou vle disparèt nan yo a. Okipe w de yo pa fè yo santi ke yo pa egziste, anpil atitid dezobeyisans se akoz de mank atansyon.

The post KÒMAN POU W AJI ANFAS DEZOBEYISANS TIMOUN PITI appeared first on SIKOLOJI AN KREYOL.

Comments

  • No comments yet.
  • Add a comment