MIT SOU SANTE MANTAL NAN MITAN KARAYIBEYEN YO

Eske jan yo renmen di moun nan karayib yo sanble nan anpil aspè a se vre?
Si nou ta sanble vre, eske mit sou sante mantal nou yo sanble tou? Kòman nou ka idantifye yo?
Sa se kèk kesyon ki te poze avan rankont vityèl ki te fèt jou ki te 16 janvye a sou facebook, kote nou te rankontre Ayisyen, Jamayiken, Dominiken, Giyanè, ki ap viv nan peyi yo oswa nan dyaspora.

Aktivite sa te prezante pa 5 gwoup, ki se:

1- Savesouls ki te genyen kòm reprezantan Patricia Mura Desert, prezidan komite ak kofondatris la.
Obelle Milien, ki se chèf egzekitif epi kofondatris.
Savesouls se yon òganizasyon ki ap pwomot sante mantal nan mitan popilasyon nwa ameriken yo.

2- Stand up agency ki te reprezante pa Taelle Ruthdjina Chéry ki se fondatè a, yon ajans ki espesaylize l  nan planifikasyon evènman epi vwayaj.

3- CAWA ki te reprezante pa Charmaine Charles, ki se yon asosiyasyon de fanm nan karayib la ki pwomot inite pandan yo nan dyaspora.

4- Psychledge ki te reprezante pa Anne Corine Cange ki se fondate li, yon paj ki la pou leve kiriozite lakay nou sou sante mantal nou epi kòman pou nou jere sa.

5- Sikoloji an Kreyòl, ki te gen kòm reprezantan Rhode Bermine Banatte, ki se fondatè a, yon gwoup ki ap pwomot sante mantal nan mitan popilasyon Ayisyen an.

An nou wè kòman mit sa yo te poze nan sware sa epi ki verite yo:

1- Lè yon moun vizite sikològ li fou oswa pèdi bon sans li.

Verite : Menm jan ke kò nou bezwen atansyon avèk swen an, se menm jan lespri nou bezwen sa tou.
Yon moun ka al wè yon sikològ si :
-Li ta pèdi yon moun oswa yon bagay enpòtan nan lavi li, sa vle di moun nan an dèy se yon enpas ki difisil, li ka al wè yon sikològ pou ede l pase etap sa byen.

Estrès oswa anksyete, kèk aspè nan lavi a jenere estrès, li ka soti nan travay, nan relsayon oswa menm sosyete a, sa ka lakòz enkyetid ak estrès. Estrès ak enkyetid sa yo, si yo pran pye sou yon moun li  ka mennen moun sila nan izolasyon sosyal, depresyon, ak pil lòt pwoblèm. Yon sikològ ka ede moun sila jere estrès ak enkyetid li yo epi jwenn sous la oswa kòz pwoblèm sa yo, ak fason apwopriye pou simonte yo.

-Depresyon, se yon maladi komen nan branch mantal la kote moun lan pèdi enterè nan bagay li te konn jwi, li pwovoke yon fatig ki la toutan, epi byen souvan moun ki gen depresyon an gen pwoblèm pou li  jere emosyon li yo. Sikològ ka ede moun sa jwenn sous depresyon sa.

-Pwoblèm nan fanmi oswa relasyon, Tout relasyon gen monte desann yo, ke li ta pèsonel ke li ta nan travay, li ka pote yon bon bagay nan lavi yon moun oswa li kapab tou yon sous estrès ak pwoblèm. Travay avèk yon sikològ, swa endividyèlman oswa an gwoup, ka ede fòtifye yon relasyon.

-Fobi, laperèz se yon sansasyon yon moun ka santi de tanzantan, men, lè li konveti a yon fobi, sa ka kreye yon pwoblem ki pèmèt ke egzistans moun sa pa fasil, yon sikològ ki gen eksperyans ka ede moun sa kòmanse simonte krent li yo ti kal pa ti kal.

– Move abitid oswa adiksyon, Adiksyon ak move abitid difisil pou kite, lè sa rive nan yon pwen ke yon moun paka kontwole li, li ka al wè yon pwofesyonèl ki pou ede l fè fas a pwoblèm sa yo.

-Monte pèfòmans, Anpil moun ki gen siksè vizyalize pwojè yo ak lavi yo avan yo lanse yo, Yon sikològ ka ede yon moun prepare li pou yon gwo evènman pou l ka bay s ak pi bon de li a, tankou yon moun ki pral nan yon konpetisyon oswa yon entèvyou travay.

-Pou vide lespri, anpil moun bezwen yon zòrèy ki pou koute yo san jije yo, sikològ yo antrene pou genyen yon bon zòrèy pou tande moun.

– Twoub mantal, twoub sa yo ka manifeste plizyè fason. Yo souvan degize yo tankou lòt bagay, yo ka dekouvri epi trete yo avèk èd yon pwofesyonèl sante mantal.

2- Ou sipoze oprese santiman w

Verite : Gen etid ki montre ke lè nou kontwole oswa inyore emosyon nou yo, li ka fè reyaksyon sou mantal nou ak fizik nou tou. Eseye siprime emosyon gen yon risk pou ogmante dyabèt ak maladi kè, li ka mennen pwoblèm memwa, agresyon, enkyetid ak depresyon tou lakay moun ki fè pratik sa.

3- Sak pa touye w rann ou pi fò

Verite : anpil rechèch montre opoze a, tout faktè estresan nan lavi yon moun si l pa byen jere l, ogmante chans pou li devlope yon maladi mantal. Toutotan yon moun ap pran chòk nan lavi l se plis chans li genyen pou yon lè li krake, paske li vini ap akimile chòk sa yo. 
Boutofen, se pa tout pwoblèm ki rann ou fò, genyen ki fisire w.

Sa se kèk mit ki te prezante nan sware sa ak verite yo, kote tout patisipan yo te ka idantifye yo nan sosyete kote yap viv la, menm si yo pa p viv nan peyi yo, ki vin fè tabou sa yo swiv yo. Yo te konkli epi konsyan ke tout se move pratik, se tabou ki soti depi lakay paran yo, ke yo menm jèn yo sipoze chanje lakay yo epi pase bon pratik la.

Si w pat gen chans patisipe nan aktivite sa ou ka gade l nan lyen sila.

The post MIT SOU SANTE MANTAL NAN MITAN KARAYIBEYEN YO appeared first on SIKOLOJI AN KREYOL.

Author

Leave a Comment